lundi 19 janvier 2015

Interview de Info Fiable avec TPO...

Jodia se yn ke kontan pou nou pale ak yon nan gro Rape peyi a ki se TPierrot Alkhal ke tout moun konnen sou nom TPO, kouzin Roberto Martino leader group Tvice…

I.F: Kijan ou ye TPO?
TPO: anfom nou la nap travay


I.F: Pale nou de Tpierrot?
TPO: Mwen son atis rap kreyol. Mwen se yon producer tou, Mwen soti nan yon fanmi mizisyen e kounya map travay sou premie album mwen.

I.F: Poukisa se TPO ou chwazi kom nom atis?
TPO: Mwen se Pitit Pierrot Alkhal yo te banm ti nom TiPiero lakay mwen donc tout zanmim yo te toujou relem TPO (ki sonnen menmjan ak TiPiero)! So mwen kenbe non sa kom nom atis mwen!

I.F: TPO ou leve nan yon fanmi konpa pouki se rap ou chwazi?
TPO: avan mwen te rap mwen te konn fe beat e produi mizik pou lot atis sitou atis rap, mwen vinn gen yonn love pou rap kreyol la e mwen te vle fe pati de mouvman sa ki komanse depi lontan.

I.F: Eske TPO renmen bet? Ki bet ou pi renmen?
TPO: Mwen renmen Lion, paske yo se wa la jing nan! lol

I.F: Ki atis TPO prefere?
TPO: depi mwen piti mwen toujou swiv Jay-z ak ampil lot atis ameriken, lakay mwen mwen te toujou fanatik king posse ak barikad crew.

I.F: Si TPO te gen pouvwa poul chanje mond lan, kisa li tap chanje?
TPO: Ak pouvwa sa mwen tap elimine povete! mwen tap fe yon jan pou tout timoun ka al lekol, gen kay, e jwenn manje .

I.F: Si ou ret 24h tan pou viv saw tap fe?
TPO: mwen tap pasel ak fanmim ak zanmim nan peyim.

I.F: Nan tout mizik ou soti kiyes ladan yo ou pi renmen?
TPO: Mpa gen youn mwen pi renmen, chak mizik raplem on tan nan lavim. Men chak nouvote mwen genyen mwen toujou pi renmen paske map grandi e mizik mwen vin gen plis maturite tou.

I.F: Eske sa rive pou dekouraje ak mizik a koz de yon problem ke ou jwenn nan biznis lan?
TPO: Non, menm le biznis la pa parfè men mizik toujou baw kouraj pou kontinie!


I.F: Si ou ta gen pouf e polemic ak yon rape ayisyen se kiyes li tap ye?
TPO: mwen pa la poum fe polemik mwen la poum met union nan mizik la.

I.F: Ki konsey wap voye bay jen rape yo TPO?
TPO: Toujou swiv rèv ou! Menm le yo diw ou paka fe yon bagay nan lavi a Depi ou fokis ou kwe nan tèt ou, ou travay pou li wap rive epi bondie ap baw men ak kouraj pou kontinie!


I.F: Mesi ampil TPO deske ou ba nou ti tan sa pout e ka reponn kesyon nou, ampli respe good job brother…
TPO: Mesi info fiable, epi mesi fanatik yo, respekte tout tan!


  INFO FIABLE
    (509) 4791-89-25


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire