jeudi 29 janvier 2015

Interview de Info Fiable avec Shassy.


 Nan kad promosyon pou kilti peyi dayiti  Jodi a nou gen chans pou nou fe yon ti pale ak yn jen atis fanm nan peyi a kisa Shassy…

I.F: Kijan ou ye Shassy?
S: Mwen tres bien mesi.

I.F: Pale nou de Shassy?
S: Poum pale de mwen li pa difisil ditou. Vre nom mwen se Chasmaille Odera. Mwen tre cool, tres amikal,mwen bi-curieuse, mwen fe philo mwen nan lekol Isaac Newton, men gen 3 se 1 fre, mwen se dezyem pitit manman ak papa’m , mwen se ayisyen.

I.F: Poukisa ou chwazi Shassy kom nom atis?
S:Mwen pa chwazi nom an se yon zanmi mwen ki rele Frantz kite konn relem  Shassy le lap banm surnom. Ou ka we Shassy tre proch de Chasmaille se konsa m’renmen nom an et mw tou kenbel.

I.F: Ki loizi Shassy?
S: Lwazim se fe lekti ale sou rezo sosyo yo tankou facebook, instagram ect…

I.F: Eske Shassy renmen bet? Ki bet ou pi renmen?
S: Wi men pa tout bet. Mw renmen chien.

I.F: Ki atis prefere Shassy?
S: Coupe Cloue

I.F: Si Shassy te gen pouvwa poul chanje mond lan, kisa li tap chanje?
S: Sim te gen pouvwa poum chanje mond lan mw ta fe tout timoun gen chans jwenn menm edikasyon pou yo egal ak tout timoun nan tout peyi.

I.F: Si ou ret 24h tan pou viv saw tap fe?
S: Sim te ge 24 h tan poum viv mwen tap mete ajenou poum di BonDieu mesi pou sa li fe nan vim.

I.F: Nan tout mizik ou soti kiyes ladan yo ou pi renmen?
S: Mwen renmen tout men mwen plis renmen “Map chat”

I.F: Eske sa rive pou dekouraje ak mizik a koz de yon problem ke ou jwenn nan biznis lan?
S: Non sa poko rive et mwen pa swete sa rive.

I.F: Ane sa fe dezyem ane ke wap fe Kanaval pouki rezon ou fe kanaval, pou fe pase yon mesaj? Pou plezi? Oubien pou jwenn cha pou soti sou chann mas?
S: Mwen fe kanaval ane sa paskem tefe ane 2014 lan mwen we jan moun yo te renmenl, pou mwen menm san yon lot kanaval Shassy tap manke yon bagay fom te bay fanatic yo yon lot kanaval, poum te satisfe yo an 2015 lan. Pou afe cha wi m’ta renmen jwenn cha menm jan ak tout jaz yo, poum ka reprezante medam yo.

I.F: Ki objektif ou pou kanaval sa ou soti a?
S: Objektif mwen se pou sansibilize popilasyon an sou pwoblem, mesye ki pa respekte fanm yo kap plede bat fanm yo.
I.F: Eske kanaval 2014 ou a te rive sou fanatik ou yo jan ou te vle a?
S: Wi li te rive sou pep la lem tap pefom sou cha Konpa O Feminin an.

I.F: Ki mesaj ou ap voye bay tout moun ki pral nan kanaval ane sa?
S: Mesaj map voye bay tout moun ki pral nan kanaval ane sa, pa fe vyolans SVP…

I.F: Mesi anpil Shassy pout i tan sa ou ba nou. Keenbe fem pa lage God Job et Joyeux Carnaval…
S: Mesi anpil  INFO FIABLE , good job et joyeux carnaval …
                INFO FIABLE   (509) 4791-89-25




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire